top of page

Nathanael Saint-Pierre se yon moun ki renmen peyi kote li te fèt la anpil. Li kwè ke yo mete Ayisyen deyò Ayiti men yo paka mete Ayiti deyò nan kè bon Ayisyen.  Li renmen pale lang Ayisyen an tou. Malgre gen anpil moun ki rele lang sa a Kreyòl, Nata pito rele li Ayisyen. Li gen lontan l ap ekri men li te ensiste ke premywe liv li vle pibliye a se nan lang Ayisyen pou li ye. Liv sa a se yon ranmase pawòl piman bouk mele ak pawòl dous ki reprezante sajès ki nan lang Ayisyen an. Li gen anpil pwovèb ladan li. Men moun ki konnen yo ka pantan sou youn ki itilise yon fason orijinal.

 

Natahanel se yon nèg ki renmen  jwe ak mo yo, deplase yo, ranje yo vire yo tèt anba, yon fason pou yo sonnen nan sans li. Se sa ki fè melodi ak bèlte lang lan. Gen mo li itilize ki pa vle di sa mo a vle di a.  Moun ki pral li liv sa gen pou yo ri, gen moun ki ka kriye, gen moun ki va fache, ka menm gen moun ki eskandalize. Gen pawòl nan liv sa a ki pa pawòl yon pè (kom si pè yo telman sen se pa tout mo ki ta dwe soti nan bouch yo? Bay moun tet yo tande!). Men moun ki konnen pè sa a, konnen li se yon de grenn depaman.


Nathanael vide kè li nan liv sa a san li pa pran pòz se yon sen li ye. Liv sa a gen bèl mo, ti mo ak gwo mo ladan. Se yon liv pou jen Ayisyen ki pa leve jwenn grann yo, manman ak papa k ap tire kont anvan y al dòmi nannuit. Se yon liv pou moun ki gen nostalji tan lontan. Moun ki pa manje manje bliye. Ka gen rèl ka Makorèl wi!

 

 

Banm Libète Dyòl Mwen: Pwal Gen Rèl Kay Makorèl!

C$15.00Price
Quantity
    bottom of page